
Kisa ONA Kredi Espwa ye?
ONA Kredi Espwa se yon nouvo pwogram ki konbine
kredi pou sektè enfòmèl la ak pwoteksyon sosyal.
Ki objektif li?
Objektif li se ede travayè nan sektè enfòmèl la,
sa vle di machann, atizan, chofè, teknisyen,
ti komèsan elatriye, lè li ofri yo yon prè
ki fasil pou remèt ansanm ak yon bon asirans vyeyès
pou yo ka prepare avni yo kòm sa dwa.
Pyès ki nesesè wap bezwen!
a.- 2 foto idantite resan;
b.- Yon pyès idantite ki a jou [NIF / CIN];
c.- Kòb pou kapab enskri a ki se 250 goud;
d.- Kanè epay ONA;
e.- Patant [se yon atou].
ONA Kredi Espwa,
“Yon akonpayman pou tout ti biznis”




